Mizajou sou Patwouy ak Operasyon Desizif MSS nan Ayiti
- MSS Editor
- Aug 5
- 1 min read
Pòtoprens, Ayiti – Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite a (MSS), an kolaborasyon sere ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), kontinye mennen patwouy mobil ak estatik lajounen kou lannwit nan Pòtoprens ak zòn ki bò kote yo, tankou Petite Rivière, Lyanmou, ak Pon Sondé. Operasyon sa yo fèt an ekip e yo jwe yon wòl kle nan kenbe estabilite ak sekirite, sa ki pèmèt egzamen nasyonal NS4 yo fèt san okenn entèwipsyon.
Antanke MSS antre nan yon faz desizif nan operasyon li yo, kolaborasyon ak PNH la rete esansyèl pou ranfòse efò sekirite nan zòn estratejik yo.
Anplis patwouy yo, MSS ap asire sekirite enfrastrikti kle nan peyi a tankou ayewopò entènasyonal prensipal la, pò a, ak lòt enstalasyon enpòtan. Malgre gang ame ap eseye bloke wout prensipal yo, fòs MSS ak PNH la rive relouvri wout enpòtan yo nan sant vil Pòtoprens, Kenscoff, Fursi, Delmas, Tomasen, Teleco, ak lòt zòn ankò — sa ki fasilite deplasman ak sekirite piblik la.
Fòs sekirite konjwen yo te rejte plizyè atak gang, tankou atak kont estasyon polis Telesco nan Pòtoprens, estasyon polis Petite Revierre nan Pon Sondé, epi gen lòt ensidan ki fèt nan zòn Petyonvil. Repons rapid ak byen kowòdone MSS la te pèmèt netralize menas sa yo, e sa montre MSS ap vin pi efikas ak pi rezistan devan vyolans k ap ogmante.
Etablisman ak fonksyònman Baz Operasyon Avanse (FOB) yo nan Pon Sondé, nan sant vil la ak nan Akademi Polis la pote anpil amelyorasyon sou sekirite nan zòn sa yo. FOB sa yo pèmèt plis patwouy, repons pi rapid kont menas, epi MSS kenbe yon prezans konstan nan zòn riral ak kote gang yo te konn kontwole.
MSS remèsye pèp ayisyen an, otorite nasyonal yo, PNH, ak tout patnè ki ap sipòte misyon an pandan nap adrese defi sekirite yo. Vizit koutwazi pa manm kò diplomatik la ak lòt aktè yo demontre angajman kolektif pou retabli lapè dirab ak estabilite nan peyi a.
MSS rete angaje pou sipòte Ayiti pou l reprann diyite li, sekirite li, epi pozisyon li kòm yon nasyon fyè sou sèn entènasyonal la.
Comments