top of page
  • Whatsapp
  • Instagram
  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube
  • TikTok
LOGO.png2.png

Mizajou sou MSSM Ayiti 5 fevriye 2025


Bonjou, manm laprès. M ap remèsye nou pou prezans nou nan konferans sa a, kote nou rasanble pou korije kèk move enfòmasyon k ap sikile sou plizyè medya, ki fè kwè Etazini sispann asistans li bay MSS.


Misyon MSS an Ayiti rete yon priyorite pou gouvènman ameriken an. Tankou nenpòt lòt chanjman administrasyon nan yon gouvènman, gen kèk ajisteman ki dwe fèt. Men, nan kad revizyon 90 jou administrasyon ameriken an sou èd pou devlopman, misyon MSS la ap kontinye san okenn entèripsyon, paske tout mekanis ki nesesè yo deja an plas. Sèl bagay ki soustanse, se sispansyon tanporè sou liberasyon yon fon 13 milyon dola ke Etazini te mete nan Fon Fidisyè Nasyonzini MSS la, pandan revizyon jeneral sou asistans devlopman an ap fèt. Lajan sa a reprezante mwens pase 3% nan asistans MSS la ap resevwa kounye a, e lòt peyi kontribitè yo kontinye bay bonjan sipò. Fon Fidisyè Nasyonzini an toujou gen ase resous pou sipòte misyon. Gouvènman Etazini a bay tou yon dispans sou Dekrè Egzekitif la konsènan sipò INL pou MSS.


Etazini ansanm ak lòt peyi patnè yo kontinye bay MSS sipò lojistik, finansye ak ekipman, ak vòl sipò k ap rive prèske chak jou. Depatman Defans ak Depatman Deta a kontinye patisipe aktivman nan operasyon MSS yo.


Mwen vle asire tout moun, espesyalman pèp ayisyen an, ke misyon MSS la sou bon chimen. Nou ka wè sa ak rive kontenjan Salvadoryen an yè, kontenjan Kenyan katriyèm lan k ap rive demen, epi livrezon elikoptè CASEVAC ak MEDEVAC ki soti El Salvador ki prevwa fèt avan fen semèn sa a.


MSS la rete angaje totalman pou retabli lapè ann Ayiti.


Mèsi anpil. Bondye beni nou tout, e Bondye beni Ayiti.


Godfrey Otunge, EBS, OGW (SAIG)

Kòmandan fòs MSS la

 

Comentarios


bottom of page